Lapolis Nasyonal mande popilasyon an kenbe kalm yo pandan revandikasyon yo 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
Foto : Le Dauphiné Liberé

Nan yon nòt pou laprès ki pibliye sou paj ofisyèl Lapolis Nasyonal Dayiti a, yo mande popilasyon an  pou yo kenbe kalm yo pandan jounen manifestation yo, pandan PNH la ap kontinye pran kontwòl sitiyasyon dezòd jeneralize ki genyen nan divès rakwen nan peyi a.  

 » Barikad wòch, poto elektrik ki kase, kawotchou dife, boutèy ak fè fòje konplike travay lapolis la pi plis pou pote asistans ak moun ki nan bezwen. »  Se sa a nou te kapab li nan nòt sila a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Toujou selon sa PNH la ekri, gen moun ki bezwen ale lopital, moun ki bezwen dlo ak manje rive nan katye yo oubyen moun ki bezwen lapolis la entèvni rapid pou anpeche lòt endividi atake oubyen detwi biznis yo.  

Fòs lòt yo fè konnen tou,  yo konte sou konpreyansyon tout moun pandan lap lanse yon pinga bay tout endividi kap pwofite atake entegrite fizik moun epi biznis moun. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.