Ariel Henry, yon desandan defen René Preval ak Jovenel Moïse 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
ariel henry, yon desandan defen rené preval ak jovenel moïse 

Aprè 2 jou kalm nan prèske tout vil ki te leve kanpe sou brenzeng yo pou mande gouvènman aktyèl la desann pri manje, gaz epi pran responsabilite yo, Premye Minis Ariel Henry renouvle kòlè manifestan yo ayè dimanch 18 septanm lan nan yon adrès ak nasyon an.  

Kèk minit aprè ti bat bouch sa a, Premye Minis Ariel Henry te site pou nasyon an, plizyè kote ki te konplètman bloke yo, ( Yon bagay pèp la te okouran deja).          

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nou te kapab yon awogans ak yon mepri nan adrès ak nasyon PM nan, Ariel Henry sanble inyore reyalite pèp ayisyen an ap fè fas nan moman difisil sa yo, pou kèk moun li ta pi bon pou chèf CSPN nan pa di anyen menm, olye li mete lwil nan dife a. Sa fè n sonje rèy defen prezidan René Garcia Preval ak defen Jovenel Moïse, lè yo louvri bouch yo pou kalme pèp la, se baryè manifestasyon an yo louvri pi gran. 

Premye Minis Ariel Henry deklare ” vrè rezon ki fè mobilizasyon yo nan lari a se pat pou ogmantasyon pri gaz la” Selon sa li di li fè kòm konsta, se politisyen ak nèg ak zam kap manniganse lespri pèp la pou kraze brize. 

PM nan potko fèmen kaye diskou li,  kèk zòn ki gen ladan yo Dèlma 34, 47, 65, ak 95, te bloke ak gwo wòch epi kawotchou te kòmsnse boule. Yo pat anpil jan sa te ye semèn pase a, men se yon apèl yo fè ak mouvman ki gen pou rebalanse demen an. 

Yo te pale nan mikwo laprès pou montre jan yo swaf “Demisyon dezyèm aprè Dye a kòm Premye Minis peyi a.” Mobilizatè yo fè konnen tou, yo pare pou fè fas ak nenpòt bagay si Ariel Henry rete sou pouvwa a. 

Ariel Henry rete konfòtab sou desizyon li pran pou ogmante pri gaz la andedan ponp yo, li montre tout bon li   pare pou nenpòt bagay.  

Yon lòt bò, li voye senpati li bay chak grenn sitwayen ki viktim zak vyolans ak dechoukay manifestan yo semèn pase a. Alòske, manifestan yo ki soti nan katye ki anviwonnen Dèlma yo tankou; Dèlma 34, 47 ak 48 te anonse sa ki pi mal yo. Kesyon nap poze, èske Ariel Henry ap tante swiv konpòtman ansyen prezidan epi defen René Preval ak defen Jovenel Moïse?     Paske depi l pale, latè pran tranble. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.