Lapolis tande yon manm 5 Segond

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
lapolis tande yon manm 5 segond

Lapolis nasyonal fè konnen li mete lapat sou yon manm gang 5 Segond lan k ap opere nan plizyè rakwen teritwa a epi ki chita kò l nan Vilaj de Dye. Jean Jude Florestal alyas “Judo”, se non endividi sa PNH la prezante kòm youn nan manm gwoup kriminèl sila ki gen nan tèt li Johnson André alyas “Izo”.

Jean Jude Florestal ki gen 48 lane se yon mekanisyen ki abitye ranje machin pou bandi yo nan Vilaj de Dye daprè sa lapolis fè konprann, epi li konn fè sèvis nan machin nèg kriminèl san fwa ni lwa sa yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lòt kote, PNH la revele “Judo” ki gen biznis li « Saint-Jude Autopart » nan zòn “Lafleur du Chêne”, sèvi antèn pou bandi yo lè yo bezwen fè kidnapin. Yon seri enfòmasyon endividi an voye jete byen lwen.

Wi, nan yon repòtaj ki pibliye sou Facebook, PNH la prezante Jean Jude Florestal kòm yon je chèch paske l pa rekonèt okenn nan akizasyon ki pote kont li yo. Ak yon figi inosan, “Judo” menm fè konnen se biznismann li ye, li pa konn anyen nan sa y ap di l yo, alòske PNH la fè konnen nonm lan rantre an kontak nan telefòn avèk “Izo” 67 fwa deja, e dènye fwa yo se te nan dat 3 ak 4 avril 2023. Mete sou sa, li konn pale ak chèf gang “Ti lapli” nan Gran Ravin.

Nonm lan reponn se biznismann li ye, li ka pale ak nenpòt moun nan telefòn, li pakonn kiyès yo ye.

Toutfwa, li rekonèt li te pale nan telefòn avèk bandi Matisan yo paske l te gen yon machin ki konn fè wout Gran Sid la kriminèl yo te kenbe. Lè sa li te rele pou negosye, li te voye yon moun al dèyè l, epi lè sa li pa t mete lapolis okouran.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.