Larisi pran tèt Konsèy sekirite Nasyonzini an

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
larisi pran tèt konsèy sekirite nasyonzini an

Jan règleman an mande sa, Larisi pran tèt Konsèy sekirite Nasyonzini an jodi samdi an kote l pral gen pou prezide ògàn sa pandan tout mwa avril la.

Daprè chat Nasyonzini an, chak peyi manm pèmanan oubyen non-pèmanan Konsèy sekirite an gen pou prezide pandan yon mwa ògàn sa ki plase pou pran tout gwo desizyon Nasyonzini yo.

Yon lane anviwon depi dènye fwa yo te prezide Konsèy sekirite Nasyonzini an, Larisi retounen nan tèt ògàn sa nan yon moman kote vyolon yo pa akòde sou kesyon gè nan peyi Ikrèn lan.

Nan prezidans Konsèy sekirite Nasyonzini an, Larisi vini aprè Laswis ak Mozambique ki se dènye Eta ki te pran tèt konsèy la pandan de dènye mwa yo.

Ikrèn ak Etazini denonse prezidans Larisi nan Konsèy sekirite Nasyonzini an kote yo kalifye l de wont pou kominote entènasyonal la e mande pou konbat Moskou nan tout tantativ li ta ka fè pou pwofite de prezidans sa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.