Lautaro rate penal nan Champions League la, yon aksyon ki rale anpil souvni

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
lautaro rate penal nan champions league la, yon aksyon ki rale anpil souvni

Nan uityèm de final retou Champions League la, Inter Milan tonbe nan penal fas ekip Atletico Madrid la (3-2). Lautaro Martinez te voye penal pa l la nan syèl. N ap fè yon tounen sou plizyè fwa jwè yo te jete yon penal ki te enpòtan.

Lautaro Martinez mete fen nan anpil bèl pwomès li te fè pou sezon an lè l rate penal fas ekip Atlético a nan Champions League la. Tout espwa Interis yo te genyen sou triple a pou sezon an vole ak penal sa. Lautaro, jiska gwo okazyon sa li manke a, te rete youn nan pi bon jwè sezon an genyen.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lè n fè yon kout pye nan pase, n ap jwenn anpil jwè ki rate penal nan menm fason Ajaten an fè l la. Genyen ki fè l nan yon konpetisyon pi enpòtan toujou. Genyen se nan match amikal. Tankou Neymar, nan yon match zanmitay ki te opoze Brezil ak Kolonmbi, te rate okazyon pou l te bay peyi l viktwa a pandan l te voye penal la anlè.

Nan sa ki pi serye nan kontinan Amerik Sid la, te gen yon katastwòf konsa nan yon final Copa America. Nan lane 2016, Chili ak Ajantin rive nan chout penal, nan final, yon lane aprè Roja a fin chapyon devan piblik li sou Albiceleste a nan menm sitiyasyon an.

An bon kapitèn, nan lide pou l bay ekip la konfyans, Messi pran boul la epi l avanse pou l al choute sou Claudio Bravo. Messi chwazi yon bò, Bravo chwazi yon lòt, men boul la chwazi syèl peyi Etazini. Malgre Vidal te gentan rate penal pa l la, Ajatin dekonstonbre epi pèdi final la yon lòt fwa ankò. Se te twazyèm final ekip la te pèdi youn kole ak lòt.

Nan sa ki pi resan, nou ka pran ka Harry Kane nan nan Mondyal 2022 a. Alòske Lafrans t ap mennen, Angletè te jwenn posiblite pou l egalize nan kadefinal Mondyal la. Ekip Twa Lyon an te jwenn yon dezyèm penal nan match la. Anfas koyepipye l nan klèb nan epòk la, Hugo Lloris, atakan Anglè a pa rive kadre chout li a ki monte tèt gòl. Eskò a pa t chanje, Anglè yo tou elimine nan Mondyal la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.