Lè galon gaz la te 250 goud, akòz rate a lari a te konn vann li rive menm 5000 goud atè, e kounya ?  

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
lè galon gaz la te 250 goud, akòz rate a lari a te konn vann li rive menm 5000 goud atè, e kounya  

Aprè plizyè semèn plizyè ponp yo nan kapital la te fè ap vann gaz kè pòpòz, pou kounya se anba goumen pou moun jwenn yon ti gaz achte. Sa gen kèk jou depi ratman gaz la retounen sou teritwa, patikilyèman nan depatman Lwès, ki se sèl kote ki te reyèlman apwovizyone depi 09 novanm pase a. 

Pou kounya pa gen gaz, oubyen pito prèske pa gen gaz. Nan plizyè zòn nan Delma, Petyonvil ak Taba, genyen gwo goumen jan sa te konn fèt oparavan anba ponp yo: tout moun ap gade si yo ka achte gaz pou sere paske “Bwa san lè kale ankò ” . 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Toutfwa n ap presize, estasyon sèvis yo nan Gran nò ak Gran Sid peyi a pa t jwenn chans fè apwovizonman akòz aktivite banditis ki genyen sou vwa piblik ki bay aksè ak la yo. Jiskaprezan se nan lari moun ap achte gaz pou mete nan machin ak moto yo, elatriye.  

Nan kapital la Pòtoprens, suit ak rate gaz la k ap pran chè piti piti, genyen plizyè mouvman pwotestasyon ki deja kòmanse tanmen nan lari a pou voye yon pinga bay Ariel Henry ki te deside ogmante pri pwodui petwolye yo, san okenn konsiltasyon popilè. Epi jounen jodia gentan kòmanse pa gen gaz. 

Nan kafou Delma 32, plizyè chofè moto te pran inisyativ pou bloke lari a ayè lendi bò 10è nan maten pou pwoteste kont vant ilegal gaz la nan lari a byen chè. Plizyè nan yo deklare si lè gaz la te 250 goud yo te konn vann li rive 5000 goud atè, e kounya?  

N ap raple, pri gaz la pa t chanje nan ponp yo, ogmantasyon an te toujou kenbe jan gouvènman Ariel Henry a te anonse l nan mwa septanm pase a, malgre divès kraze brize ki te fèt nan lari a pandan plizyè mwa. Mete sou sa, bandi G9 yo ki nan Site Solèy t ap pral pran kontwòl pi gwo sant estokaj pwodui petwolye peyi a, tèminal Varreux, ki nan komin sila.  

Nan dat 13 septanm nan, premye minis peyi a, pandan yon konsèy minis, te chita sou nouvo pri pwodwi petwolye yo te dwe vann nan ponp yo. Konsa gazolin nan ki te vann 250 goud te pase ak 570 goud, dyezèl la 353 pou 670 goud, epi kewozèn nan 352 pou 665 goud. 

Malgre gwo pwotestasyon ki te genyen kont desizyon sila, li te kanmenm rantre an vigè. Malerezman jounen jodia gentan pa genyen gaz nan ponp yo, alòske pi fò nan yo te prefere vann gaz la nan galon. 

Pou kounya si w bezwen achte yon galon gaz nan lari fòk ou genyen pou pi piti 1000 goud, si twò ta bare w nan lari w ap peye l rive menm 1500 goud. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.