Dominiken manke mete manchèt sou yon ayisyen ki t al vòlè yon motosiklèt 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
dominiken manke mete manchèt sou yon ayisyen ki t al vòlè yon motosiklèt 

Lid Feli, se non yon Ayisyen ki manke jwenn lanmò l an Repiblik dominikèn aprè l t al eseye rantre an posesyon yon motosiklèt Honda mèt li te kite kanpe bò yon lari, nan komin Santa Cruz de Mao. 

Aprè l te fin tante poze zak la, yon gwoup moun ki te sou plas te mete lapat sou Lid Feli epi bat li ak tout sak te pase anba men yo. Gwoup la ki te fache anpil te menm ale pou mete manchèt sou li. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nonm 35 lane a, ki pa menm legal sou teritwa dominiken an, blese plizyè kote nan kò l sitou nan tèt ak nan ponyèt goch li. Se gras ak entèvansyon lapolis ki te sou plas – nan moman yo t ap jere yon lòt dosye vòl – ki fè san papye ayisyen sila pa mouri anba kout manchèt, daprè sa jounal dominiken El Nuevo Diario rapòte. 

Suit ak sèn nan, lapolis dominikèn te voye Lid Feli ak tout motosiklèt la – ki se yon Honda C-50 koulè gri, imatrikile AA013036677 ki se pwopriyete Anderson Tomas Morel – nan ministè piblik la, pou fen legal ki koresponn ak ka a. 

N ap raple depi dènye tan sa yo Ayisyen ap resevwa move tretman anba men Dominiken an Repiblik dominikèn. Migrasyon dominiken an, sou lòd prezidan peyi a Luis Abinader, pa epanye menm moun (Ayisyen) ki pa nan anyen epi k ap chèche viv onètman, alevwa pou moun k ap foure men yo nan sa k pa pou yo. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.