Lèzetazini soutni ouvèti yon ankèt sou Sekretè jeneral OEA, Luis Almagro 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
lèzetazini soutni ouvèti yon ankèt sou sekretè jeneral oea, luis almagro 

Depi kèk tan sekretè jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), Luis Almagro, ap fè fas ak anpil apèl, sitou pa bò kote gouvènman prezidan Joe Biden nan, pou yon ankèt ekstèn sou relasyon entim li ta sanse genyen ak yon moun ki ap travay avèk li. Sa ki pa dwe fèt daprè prensip yo tabli. 

Enspeksyon jeneral OEA ki chita nan Wachinnton deklare nan yon nòt semèn sa, òganizasyon an gen enterè pou l angaje yon antrepriz eksteryè pou mennen bon jan ankèt sou divès pawòl ki fè kwè sekretè jeneral OEA ta vyole kòd deyontoloji entèn òganis la. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Enspeksyon an fè rekòmandasyon sila sou baz yon rapò Associated Press pibiliye epi ki revele diplomat la te plase ak yon anplwaye meksikèn, li dekri kòm yon « konseye prensipal »  sekretè jeneral Almagro. 

Rapò sila pibliye sou sit Associated Press la, epi fè suit ak yon plent anonim ki pa twò detaye. Se menm Luis Almagro ki te voye l nan biwo  enspektè jeneral OEA. 

Kòd etik òganizasyon sila ki kreye pou lapè ak demokrasi nan Amerik la, entèdi administratè li yo sipèvize oubyen patisipe nan plizyè desizyon ki nan pwofi moun yo gen relasyon entim avèk yo. 

Pwopozisyon pou jwenn yon antrepriz deyò ki pou pran ankèt sila anchaj ap diskite mèkredi k ap vini la pandan pwochen reyinyon Konsèy pèmanan OEA, ki gen 34 manb ki konpoze l. 

Lèzetazini, ki deja bay poukont li ane sa anviwon plis pase mwatye finansman 100 milyon dola òganizasyon an, di l sipòte ankèt sila sou Luis Almagro, e li dwe fèt avan reyinyon k ap gen pou fèt trè pwochènman an. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.