Youri Latortue di gen 3 minis nan gouvenman Ariel Henry a ki pa nan lis pèsonalite yo sanksyone yo 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
youri latortue di gen 3 minis nan gouvenman ariel henry a ki pa nan lis pèsonalite yo sanksyone yo 

Kowòdonatè nasyonal pati « Ayiti an aksyon » (AAA), Youri Latortue fè konnen gen non 3 minis ki nan gouvènman Ariel Henry a ki pa  sou lis pèsonalite ki sanksyone yo. Mete sou sa Joseph Lambert, ansanm ak ansyen Prezidan Gran Kò a, Youri Latortue planifye pou yo ale devan lalwa tribinal federal Ameriken ak Kanadyen nan lespwa pou retire sanksyon yo.
 

Lidè « AAA » kwè  sanksyon yo enpoze  yo reflete yon politik ak  doub mezi, lèn gade nan enfòmasyon ki disponib nan dosye Minis Jistis la, Minis Agrikilti a, ak minis Enteryè ak kolektivite teritoryal la. Ansyen Palemantè a san nonmen non, fè konnen viza Minis sa yo te revoke. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

De (2) pèsonalite politik sa yo otorite Kanada ak Lèzetazini sanksyone yo, demanti an tout akizasyon administrasyon Ameriken ak Kanadyen yo lanse kont yo. 

Prezidan Sena a Joseph Lambert, fè konnen li pare pou parye tout fòtin li pou fòse otorite Kanadyen ak Ameriken yo rekonsidere dosye li a. Pou senatè Jakmèl la desizyon pou revoke viza ak antre li nan peyi Etazini ak Kanada epi friz lajan li yo, se yon desizyon ki pa serye.
 

Bò kote pa l, Youri Latortue, di sanksyon Etazini ak Kanada pran kont li an san fondman. Ansyen  palmantè a mete devan konsiderasyon politik ki ka jistifye desizyon Ameriken ak Kanadyen yo.  Daprè lidè politik la, pozisyon li kont gouvènman Ariel Henry a ak angajman li pou fasilite yon solisyon ayisyen ak  kriz la, ak  opozisyon li kont posiblite pou deplwaman twoup etranje ann Ayiti pa fè plezi  ak yon pati nan kominote entènasyonal la. 

 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.