Lionel Messi fiti prezidan Ajantin! 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
lionel messi fiti prezidan ajantin!

Aprè viktwa Ajantin sou Lafrans nan Koupdimonn 2022 a ki te dewoule nan peyi Kata a, yon sondaj revele popilarite Lionel Messi a ogmante nan yon nivo kote pi fò moun menm vle l pou prezidan peyi a. 

Èske w t ap vote Lionel Messi kòm prezidan Ajantin? Se kesyon sa yo te poze moun ki sou entènèt la nan yon sondaj Giacobbe Consultores te fè. Li se yon kabinè etid opinyon piblik. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Giacobbe Consultores fè sondaj sila a pa bò kote 2.500 moun, epi mennen ankèt la 2 jou aprè viktwa Ajantin, nan Koupdimonn lan. 44% nan moun sila yo te reponn “Wi” yo vle Messi pou prezidan peyi Ajantin. 

Yon lòt kote, genyen 38% ki te reponn “Non” ak kesyon an, 17,5% reponn “petèt”. Chif sila yo, kabinè a toutfwa entèprete yo ak pridans, yo pa bay detay piblik sou metòd yo mennen ankèt sila. 

Yon lòt kesyon ki gen rapò ak yon evantyèl karyè politik nimewo 10 Albiceste a te klewonnen nan zòrèy moun k ap vote yo tou. Sou yon panèl 10 kandida, foutbolè a ladan l tou, moun yo vote kòm prezidan Lionel Messi ki rive nan tèt lis la ak 37%, devan depite ekstrèm dwat Javier Milei (12%) epi ansyen prezidan ak aktyèl vis prezidan Cristina Kirchner (11%). 

N ap raple, Koupdimonn 2022 an kouwonnen ak viktwa Ajantin sou Lafrans nan seyans penalite 4-2, aprè rankont ant 2 ekip yo te fini 3-3 aprè yon konba san gade dèyè. 

Aprè anpil kè sote ak “suspens”, Ajantin rive genyen yon premye final mondyal depi 36 lane aprè l te pran 2 tit oparavan an 1978 ak 1986. Viktwa sa pèmèt tou yo ofri tit chanpyon mondyal la ak Messi. Ak 35 lane, nan dènye match li nan yon mondyal, kapitèn ajanten otè yon double, anplis li bitè pandan seyans penalite yo. 

Sèt fwa gayan Balon d Ò a, ki rekonpanse pi bon jwè sou planèt la, Leo rive konplete koleksyon trofe li yo lè li ajoute trofe chanpyon mondyal la ladan l, pi gwo twofe li te manke nan koleksyon li a. Depi lè sa repitasyon l kite l dèyè nan mond lan.  

Nouvo faz sa, kidonk sondaj Giacobbe Consultores, raple nan ki nivo foutbòl la enpòtan nan peyi Ajantin. Sitou aprè viktwa seleksyon nasyonal peyi a dènyèman nan peyi Kata, se omwen 5 milyon moun, majorite se Ajanten, ki te pran lari pou selebre viktwa sila. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Vrè kesyon an kounye a se « Èske Lionel Messi ap anvizaje fè yon karyè nan politik lè l fin depoze kranpon li yo nan zafè foutbòl ?

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.