Lionel Messi kraze mondyal la nan peyi Kata ak 12 rekò  

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
lionel messi kraze mondyal la nan peyi kata ak 12 rekò  

Star Ajanten an Lionel Messi genyen mondyal la nan peyi Kata epi ede seleksyon ajantin lan pran yon 3èm etwal aprè 36 lane. Se pa sèlman tit la Messi pran, men ansyen jwè Baselòn lan kraze tounwa ak plizyè rekò li bat. Li fè 7 gòl e Bay 3 pas gòl, li klè Messi se youn nan gran atizan Ajantin yo pou tit sa.  

Nan yon mondyal san parèy, espesyal paske se premye fwa li te fèt nan ivè nan yon ti peyi rich, se dènye fwa tou mondyal la ap fèt ak 32 seleksyon. Messi pwofite okazyon sa pou l chanpyon, fini meyè jwè epi bat 12 rekò nan zafè mondyal.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Men 12 rekò Messi bat yo nan peyi Kata  

1- Jwè ki jwe plis match nan zafè mondyal (26 pou 5 edisyon)  

2- Jwè ki jwe plis minit, ki pase plis minit sou yon teren foutbòl nan istwa mondyal (2. 314 minit) li depase yon jwè tankou Paolo Maldini ki te 2.217 minit  

3- Messi se jwè ki pi desizif nan istwa mondyal, li fè 13 gòl ak 9 pas gòl, kidonk li se jwè ki enplike plis nan zafè mondyal (22). Yon rekò li pataje ak 2 jwè Alman Miroslav Klose (16 gòl , 3 pas gòl ) et Gerd Müller (14 gòl , 5 pas gòl ), epi  Brezilyen an Ronaldo (15 gòl , 4 pas gòl ) 

4- star Ajanten an se jwè ki fè plis pas gòl nan istwa mondyal (9 pas gòl ) 

5- Messi se sèl jwè ki fè gòl nan match faz gwoup, uityèm, kadefinal, demi-final ak final nan yon mondyal  

6- li se sèl jwè ki bay pas gòl nan chak edisyon li patisipe yo, li fè sa 5 fwa 

7- Messi resevwa tit meyè jwè pendan 11 fwa pou 26 match li jwe yo nan zafè mondyal, pa gen lòt jwè ki pran tit sa pase l 

8- li se meyè jwè tounwa, yon distenksyon li resevwa 2 fwa (2014-2022), aprè Ajantin te finn pèdi final fas Almay la nan peyi Brezil   

9- Messi menm jan ak Matthäus, Gianluigi Buffon, Rafael Marquez epi Andrés Guardado, Guillermo Ochoa epi Cristiano Ronaldo patisipe nan mondyal 5 fwa  

10- Messi se jwè ajanten ki jwe plis match ak brasa kapitèn nan  

11- Messi se sel jwè ajanten ki fè gòl nan 4 mondyal 

12- nimewo 30 PSG a se jwè ki gen plis laj ki fè gòl e bay yon pas gòl nan yon rankont mondyal (35 lane, 5 mwa epi 9 jou) 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article