Atakan ajanten an k ap konnen yon move moman nan klèb parizyen an depi aprè Koupdimond lan, avèk prensipalman yon pati nan piblik PSG an k ap rele chalbare dèyè l, ta dwe kite Paris aprè fen kontra li an.
Daprè jounal ‘L’Équipe’, negosyasyon yo ant Paris Saint-Germain ak klan Messi an pa ta bay rezilta espere yo ki fè Pulga ta dwe kite klèb parizyen an nan fen sezon an sof si li ta aksepte pou salè li genyen nan klèb parizyen an bese nèt.
Lionel Messi yon pati nan piblik parizyen an te sifle wikenn pase an nan match fas Olympique Lyonnais an (0-1), ta deja pran desizyon pou kite PSG aprè fen sezon an kote retou li nan ekip FC Barcelone lan ap pran fòm pi plis chak jou.
Daprè ‘L’Équipe’, Lionel Messi pa ta aksepte pwopozisyon dirijan PSG yo fè l lan ki gen ladan l prensipalman yon salè diminiye konpare ak sa l ap toujou depi rive l an 2021 nan klèb parizyen an kote li se twazyèm jwè k ap touche plis kòb nan Ligue 1 an dèyè Mbappé ak Neymar.
Facebook Comments