Lis jwè Barcelone dwe vann pou siyen retou Messi a

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
lis jwè barcelone dwe vann pou siyen retou messi a

Pou dènye semèn sa yo, FC Barcelone nan yon gwo mache prese pou siyen retou Lionel Messi Al-Hilal ta pwopoze 400 milyon ewo chak sezon an. Si Messi anvi rejwenn Catalan yo, men sitiyasyon finansyè klèb la pa pemèt li sa. Rezon ki fè Ansu Fati ak Raphinha kapab kite klèb la pou mèkato ete a pou retou Messi a posib, san bliye lòt jwè ki ta dwe pran pòt la.

Retou Messi nan FC Barcelone sezon kap vini an fè anpil pale anpil sou kiyès ki ta sipoze ale pou klèb la kapab jwenn kòb pou finalize retou Pulga a. Ki ekip ki prè pou bay yon sòm kòrèk pou jwè sa yo nou pral site la pou mèkato a?

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sergino Dest

Aprè kèk bon pèfòmans pou sezon 2020-21 an, rive Xavi a te oblije Blaugrana yo prete Milan AC ameriken an paske l pat fè pati pwojè li. Rive Dest nan Serie A pa vrèman ede l, li pa menm rive titilè ak klèb milanè a. Se youn nan jwè Barcelone anvi vann depi l jwenn yon bon pri pou li.

Franck Kessié

Aprè plizyè blese, Franck Kessié pèdi tout valè li te gen nan ekip la. Konsidere kòm youn nan bon eleman klèb la nan mitan tèren an, ansyen jwè Milan AC a pa rive entegre 11 katalan yo. Nan chache lajan pou retou Messi a, Barcelone kapab kite l ale, malgre yo ta konte sou li paske l se yon jwè ki kapab ede, sitou aprè depa Busquets la. Yon klèb tankou Inter Milan entèrese pou l ta genyen jwè a pou mèkato ete a.

Eric Garcia

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se yon jwè antrenè Xavi renmen malgre li gen feblès defansif. Pèfòmans li yo pa ede l ditou antake defansè sentral, sa ki ta pouse Xavi fè l jwe nan mitan tèren an. Se yon jwè ki kapab itil ekip la, men depi Barcelone jwenn kòb pou li l ap vann li.

Frenkie de Jong

- Advertisement -
Ad imageAd image

Youn nan meyè jwè FC Barcelone. Frankie De Jong rive jwenn nivo estaf la te swete a. Laprès espanyòl te menm rive anonse depa li aprè kèk move pèfòmans. Manchester United montre l entèrese anpil ak jwè a, men Olandè a se youn nan jwè Xavi konte anpil sou li. Èske Barcelone ap rive kenbe l?

Raphinha

Brezilyen an ki pa t tann anpil tan pou l te entegre ekip Barcelone lan pou premye sezon li nan klèb katalan an. Pèfòmans li yo te entèresan, men lè Dembélé anfòm, li difisil anpil pou Xavi fè yon chwa, malgre l pi renmen itilize Fransè a. Raphinha se youn nan jwè ki kapab rapòte ekip la anpil kòb sou mache transfè a.

Ansu Fati

Aprè anpil tonbe leve, ak 21 lane, Ansu Fati se yon jèn jwè ki pwomèt anpil. Sa ki mete Barcelone nan yon kalkil pou konnen si l dwe kite l ale ou fè l rete. Pou talan li ak potansyèl li, anpil klèb ap kontan gen sèvis espanyòl la, menm lè Xavi pa dakò li ta ale. Se yon lòt jwè ki kapab ede Barcelone antre lajan pou siyen retou Messi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive