Lis polisye k ap mouri yo kontinye ap ogmante

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
lis polisye k ap mouri yo kontinye ap ogmante

Bandi ak zam nan peyi a kontinye ap retire lavi polisye Ayisyen yo. Ayè lendi 20 Mras 2023 a, yon ajan inite ki rele (Counter-Ambushment Team/Unité Contre-Ambushade), pi konnen kòm Ekip CAT la, te tonbe anba men bandi k ap simaye latwoublay nan sosyete Ayisyèn nan. Daprè enfòmasyon ki rive jwenn redaksyon nou an Polisye an kesyon an ta soti nan 25yèm pwomosyon PNH la.

Daprè kèk sous, aprè bandi ak gwo zam sa yo fin fizye polisye Cat Team sa nan Delma 18, anpil moun konnen sou non KiKi, yo te pran kadav polisye a yo ale avè l.

Vrèman vre, ensidan vyolans sa yo kont lapolis pa yon bagay ki ra an Ayiti, kote ensekirite a se yon pwoblèm grav. Otorite Ayisyèn yo pa eksprime detèminasyon yo pou mennen responsab yo devan jistis, piske envestigasyon sou atak sa yo souvan konplike pa pwoblèm koripsyon ak mank resous.

Atak sa yo se yon ilistrasyon tris sou vyolans ak enstabilite k ap kontinye nan peyi a, ki ap vin pi grav chak jou pi plis. Daprè kèk òganizasyon dwa moun, Ayisyen yo an Ayiti merite viv anpè ak sekirite, epi li esansyèl pou otorite Ayisyèn yo pran mezi pou mete fen nan vyolans lan, epi kenbe tout moun an sekirite.

N ap raple, nan yon nòt pou laprès ki te pibliye nan dat lendi 13 mas 2023 a, CARDH te fè konnen 72 polisye te asasinen soti 12 mas 2021 pou rive 26 janvye 2023 a, tout pandan li te raple, dezan apre lanmò 5 polisye nan inite espesyalize SWAT la (Georges Renois Vivender; Desilus Wislet; Eugene Stanley; Ariel Poulard ak Lucdor Pierre), « Kadav yo te imilye,mitile, boule epi pibliye sou rezo sosyal yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.