Menm pi gwo otorite Ayisyen yo pa anvizaje travèse wout Matisan an

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
menm pi gwo otorite ayisyen yo pa anvizaje travèse wout matisan an

Nan yon entèvyou sou Radio sans fin (RSF), Minis jistis ak sekirite piblik la, Emmelie Prophète Milcé, admèt Leta ayisyen pèdi kontwòl yon pati nan teritwa nasyonal la, pami yo Matisan.

Madam Milcé ki te nan mikwo Yvenert Foster Joseph, deklare ayè lendi 20 mas la, li pa p travèse wout Matisan an pou ale nan gran Sid peyi an. Depi prèske de lane, prèske tout espas sa tonbe sou kontwòl gang.

Kèk jou aprè Premye minis lan, Ariel Henry, ak plizyè lòt manm gouvènman li an te rann li nan baz avyasyon militè Lame Dayiti an pou mande akonpanye Lapolis la kont gang yo, titilè MJSP an eksprime dezespwa otorite yo fas ak fenomèn ensekirite an.

Malgre tout espas sa yo k ap tonbe jou aprè jou sou kontwòl gwoup ame yo nan divès kwen nan peyi an, prensipalman nan rejyon metwopolitèn lan, Minis jistis lan fè konnen gouvènman li ladan li an ap miltipliye efò pou pote yon solisyon ak kriz sa.

N ap raple, nan fen ane 2022 an, gouvènman ayisyen an te mande Nasyonzini pou voye yon fòs miltinasyonal nan peyi an pou vin konbat gang yo k ap teworize popilasyon an chak jou pi plis.

Akote Matisan ki sou kontwòl gwoup ame yo depi 2021, Site Solèy, Kanaran, Latibonit ak Petyonvil dènye semèn sa yo, se kèk pami espas kote bandi ak zam ap enpoze lwa yo nan endiferans total otorite yo ki sanble depase fas ak sitiyasyon sa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.