Nan mondyal peyi Kata, jèn jwè neèlandè a Cody Gakpo te montre klas li ak talan li nan chak rankont. Sa ki ta pral fè anpil gwo klèb ewopeyen te vle pran l nan men PSV Eindhoven. Manchester United ak Liverpool se 2 klèb anglè ki te nan kous la pou Cody Gakpo. Se Reds Liverpool yo ki rive fè afè a pou 50 milyon ewo.
Liverpool rive siyen Cody Gakpo, pendan Manchester United te sou kou a, meyè bitè ak meyè pasè chanpyona Eredivisie a pral evolye nan Premier League la. Menm lè anpil sipotè fè konnen yo te prefere Liverpool pran yon jwè tankou Jude Bellingham ki te parèt enteresan nan mondyal la tou.
Se sou ESPN, Steve Nicol yon lejand Liverpool fè konnen :
« M pa fin kwè nan transfè sa a 100%, ki plas li jwe ? Li pa jwe wo,li pa jwe nan mitan. Se yon jwè ki nan 2 plas m bay la yo. Èske l ka antre nan fason Liverpool jwe a ? M pa rete kwè sa, petèt y ap itilize l nan yon lòt sans. »
Anpil sipotè Liverpool rete kwè se yon jwè ki ap jwe nan mitan teren an ekip la bezwen se pa yon atakan.
Facebook Comments