OFATMA ak anbasad Taywan siyen yon akò pou bay don

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
Crédit Photo : Vant Bèf Info

Ofis Aksidan Travay, Maladi ak Matènite (OFATMA) siyen yon pwotokòl akò ansanm avèk anbasad Chin Taywan nan peyi Dayiti jou ki te madi 6 septanm 2022 a, nan lide pou pèmèt OFATMA genyen materyèl modèn ak yon sistèm solè nan lopital OFATMA Pòdepè a.

Daprè direktè jeneral Carl Francois akò sila siyen pou yon montan 1,775 milyon dola ameriken. Anplis nouvo ekipman, lopital OFATMA Pòdepè a ap gen yon sistèm solè 50 kilowat.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Yon lopital ki pral sèvi depatman Nòdwès ak tout Latibonit », daprè responsab la, li deklare. 

Pa bò kote pa l, anbasadè Chin Taywan nan peyi d Ayiti a, Ku Wen-Jiann esplike akò sa se yon finansman anplis gouvènman taywanè a bay OFATMA pou akonpaye leta nan ouvèti lopital sila ki se yon inisyativ ansyen prezidan Jovenel Moïse avan yo te asasinen li.

Diplomat la fè konnen konstwi Sant Ospitalye Inivèsitè sa nan Pòdepè pat fasil ditou akòz pwoblèm sosyopolitik dènye mwa sa yo, men pou kounya l pral kapab pou fonksyone pou kò l.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.