Aprè reyinyon sa ki te pwograme pou jodi dimanch lan, direksyon Real Madrid lan anonse entansyon yo genyen pou enplike nan pwosedi envestigasyon lajistis espanyòl tanmen kont klèb katalan an pou kesyon koripsyon.
Madrilèn yo ki reyini nan yon seyans ekstraòdinè jodi dimanch lan, manifeste volonte yo nan yon kominike ki pibliye touswit aprè pou enplike nan demach sa pakè Barcelone tanmen kont Blaugrana yo ak de ansyen prezidan klèb la, Josep María Bartomeu ak Sandro Rosell.
Direksyon Real Madrid la anvizaje prezante yo kòm pati viktim nan pwosedi jidisyè yo, kote pakè Barcelone deja enkilpe klèb katalan an ki ta bay yon total 6,6 milyon ewo ak yon ansyen responsab abitral espanyòl, José Maria Enriquez Negreira.
Pandan 17 lane, sòti 2001 pou rive 2018, Blaugrana yo ta bay yon gwo kantite lajan ak ansyen vis-prezidan komisyon teknik abit yo, José Maria Enriquez Negreira, ki pami prensipal pèsonalite lajistis espanyòl vize nan kad dosye sa kote yo ofisyèlman enkilpe depi mitan semèn lan.
Nan kominike sa ki pibliye jodi dimanch lan, Real Madrid fè konnen l ap parèt nan pwosedi jidisyè an pou defann enterè lejitim li yo lè jij ki sou dosye an ouvri l ak pati viktim yo. “Merengue” yo egalman eksprime preyokipasyon yo sou sa pakè Barcelone repwoche klèb katalan an ki, daprè yo menm, se de akizasyon grav.
Facebook Comments