Lopital Bernard Mevs anonse y ap diminye ekip yo a 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
lopital bernard mevs anonse y ap diminye ekip yo a 

Endisponibilite gaz la andedan ponp yo fòse lopital Bernard Mevs mete an plas yon plan ijans nan sousi pou lopital la toujou fonksyone, nan sans sa a, yo anonse y ap oblije fè yon rediksyon nan anplwaye yo, nan jou kap vini yo. Enstitisyon lopital la mande ak founisè gaz yo pou fasilite yo aksè ak rezèv gaz dyezèl la pou kontinye travay yo. 

Kriz gaz la ap afekte seryezman fonksyonman plizyè enstitisyon nan peyi a, pami yo lopital. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lopital Bernard Mevs bò kote pal l,  oblije revize anplwaye li yo. Vrèman vre, lopital la etabli yon plan ijans ak yon mennèv pou diminye nan travayè li yo. 

« Devant cette dure et triste réalité, nous ne saurons dire quand l’hôpital pourra reprendre son fonctionnement normal si toutefois cette pénurie perdure », responsab lopital Bernard Mevs yo te ekri nan yon avi ki date ayè madi 27 septanm lan. 

Pou baryè lopital la pa fèmen epi pou sèvis yo pa disfonkyonèl, administrasyon enstitisyon sante a di y ap chèche èd kèk founisè gaz pou fasilite yo aksè nan rezèv dyezèl la. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.