Moun ki kanpe dèyè barikad yo anpeche anbilans pase 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
moun ki kanpe dèyè barikad yo anpeche anbilans pase 

Sa fè deja omwen 2 semèn depi lari Pòtoprens pami kèk lòt vil nan peyi a paralize akòz mouvman pwotestasyon popilè ki genyen kont gouvènman aktyèl la suit ak yon seri desizyon li pran, pami yo retire sibvansyon gaz yo epi monte pri yo sou teritwa a. 

Pou fè mekontantman yo pase moun nan plizyè zòn chwazi boule kawoutchou, kraze brize epi bloke wout. Sa ki genyen anpil konsekans sou sosyete a, men tou sou yon seri enstitisyon ki ta dwe aktif pandan tan kriz sa yo pou ap bay sèvis. Se ka Sant anbilansye nasyonal (CAN, nan sig fransè). 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Anplis vwa piblik la yo paralize, moun ki kanpe dèyè barikad yo anpeche anbilans pase swa pou ale pran yon pasyan oubyen pou pote l ale lopital pou sove lavi l. Nou konstate plizyè ka konsa nan zòn Delma 19 ak anndan Delma 75. 

Malgre anbilansye yo te fè konnen se popilasyon an y ap sèvi, yo gen malad pou y al rekipere pou pote lopital, plizyè endividi te kanpe an kwa di yo pa p louvri vwa piblik la pou fasilite anbilans yo pase. Gen youn nan ka nou sot Site la yo, nan Delma 19, se lapolis ki te oblije fè yon entèvansyon prese prese, alòske lòt ka yo te oblije kase tèt tounen pou al pase yon lòt kote.  

N ap raple, se pat sèlman anbilans kèk moun ki kanpe dèyè barikad yo te anpeche pase, gen yon seri zòn nan komin Delma pandan jou ki sot pase yo, ni moto ak pyeton prèske pat ka pase, tèlman yo popilasyon nan zòn sa yo te bouche wout yo ak yon pakèt bagay tankou pye bwa yo koupe, wòch, bwat fatra, fil kouran, elatriye. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.