Luis Enrique jwenn revokasyon l nan tèt seleksyon Espay la ! 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
luis enrique jwenn revokasyon l nan tèt seleksyon espay la ! 

Aprè eliminasyon Espay devan Mawòk nan uityèm final Mondyal la, Federasyon foutbòl nan peyi Espay pa ret gade Luis Enrique nan je. Antrenè a pa nan tèt ekip Espay la ankò. 

Eliminasyon ekip Espay la nan Koupdimonn lan pa san konsekans pou Luis Enrique. Apati de kounya, ansyen antrenè FC Barcelone nan pa an fonksyon nan tèt seleksyon Panyòl la. Federasyon an pa satisfè de rezilta l yo. 

Ti Lulu Enrique te fè anpil chwa moun t ap remete an kesyon nan lis moun ki t al jwe Mondyal la. Nou ka pran egzanp Sergio Ramos li pa t seleksyone oubyen David De Gea. Se sèlman 2 jwè Real Madrid ki te nan lis Roja a pou Mondyal sa. 

Nan Koupdimonn FIFA Kata 2022 a, Espay fè yon grenn viktwa. Se te nan premye match li kote l te kraze Kosta Rika (7-0). Annapre, panyòl yo konnen 2 match nil ak yon defèt. Yo elimine pandan yo t ap pwone yon tiki taka ki manke efikas. 

Se Luis De La Fuente ki pral dirije ekip Espay la kounya. Se yon antrenè ki pran chaj tout seleksyon Espay yo nan tout kategori depi 2013.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.