Ki likid sa ki soti nan bòbòt fi a ? 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
ki likid sa ki soti nan bòbòt fi a  

Sa konn rive anpil fanm remake yon likid k ap koule nan bòbòt yo, likid sa kapab twa tip: yon likid ki soti a pi, yon lòt  ak san epi denye a pa gen ni pi ni san. Likid sa kapab klè, epè, san odè konsa li ka santi. Likid sa konn blanch, jòn, gri oubyen wouj. Yon fanm ki wè jan de bagay sa rive l pa ta dwe ap jwe paske l ka gen yon konsekans sou sante l. Men kèk bagay ou dwe konnen sou likid sa k ap koule nan bòbòt fi a.  

Yon fanm ki remake likid sa k ap koule  a dwe konnen, likid sa ka lakoz ògàn pou l ta fè pitit yo ki se iteris,  twomp falòp, ak ovè li touche, konsekans lan ka grav anpil, fanm sa ka menn rive paka fè pitit.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Kisa ki ka koz likid sa ap koule nan bòbòt fi a?  

Koz yo anpil epi yo varye tou: si moun nan jwenn difikilite pendan li ansent, pèdisyon, jete pitit, fibwòm, kansè nan kòl iteris li, enfeksyon, oubyen mete yon kò etranje andedan bòbòt li, si fanm nan sibi vyolans seksyèl, elatriye.  

Men kèk sentom yon fanm ka genyen nan ka sa  

Sentom yo ka parèt sou diferan fòm, kote fanm nan ap santi :  

  • Andan l ap manje l, gwo doulè nan antre bòbòt li, lèv yo ak andedan bòbòt li 
  • Bouboun li ap boule l lè l ap pipi  
  • San k ap koule san rete  
  • Gwo doulè lè l ap fè bagay  

Likid sa a k ap koule nan bouboun fi a kapab yon siy enfeksyon ki gen rapo ak chanpiyon (kandidoz), bakteri yo (klamidya, gonore), viris (èpès) oubyen kèk parazit. Tout maladi nou site la yo ka atrape nan fè bagay sof kandidoz la.  

Kidonk li enpotan anpil pou yon fi pran anpil prekosyon nan fason l ap pran swen kò li, plis nan sa ki gen awè ak bòbòt li. Si yon fanm ta remake likid sa epi li ap pèsiste sou li, li tap enpotan anpil pou l fè yon konsiltasyon, sa ki ka ede l konprann plis epi konnen ki treteman li dwe pran. paske pita ka pi tris, prekosyon pa kapon!

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive