Aprè Brezil fin kraze Koredisid nan uityèm final (4-1), Selesawo a pral afwonte ekip Kowasi a nan kadefinal, pou l ka pouse rèv li pi pre sizyèm etwal la. Yon match ki ka difisil pou ekip Brezil la. Koyekipye Luka Modric yo, se yon ekip jwè ki jwe blok ba byen, ki konn bare pou mennen advèsè yo nan faz penal yo. Men kesyon k ap poze, eske kowat yo ap la reziste fas ak krak brezilyen yo?
Jan sa te fèt nan 21e edisyon mondyal la nan peyi Larisi, Kowasi te fè tout faz eliminatwa yo nan pwolongasyon, kenbe advèsè li yo nan gòj epi genyen yo nan tire penal nan kan. Se yon ekzèsis yo reyisi byen paske l te mennen yo nan final, kote yo ta pral pèdi fas Lafrans. Kowasi sot repete senaryo sa kont Japon nan uityèm final yo.
Ekip Brezil la kwit, tout jwè yo an konfyans e yo tout ap batay pou yon sèl objetik, pran koup la nan peyi Kata pou mondyal sa, mennen l lakay yo. Yo siksè ki tap fè anpil fanatik Brezil kontan, san n pa bliye Wa foutbòl la: Pelé, ki swete wè avan l mouri 6è etwal la sou mayo jòn e vèt la.
Tite te bezwen selman 35 minit pou l te korije Koredisid ak pi bèl jwè li gen nan efektif li. Pou demen vandredii a Kowasi pral gen nan men l ak ekip atakan sa yo, ki konn fè pas, ki konn drible epi ki konn fè gòl. San n pa bliye nan mitan teren an kijan Casemiro ap kase mete nan men milye teren ki an fas li yo. Yon defans solid, yon bon gadyen, Brezil fè tout ekip ki nan konpetisyon an pè.
Tout moun ap tann match sa ak enpasyans, epi Kowasi ap prepare l pou vinn kreye sipriz oubyen vinn pran leson nan men Brezil nan etad Éducation City nan lè 10è nan maten.
Facebook Comments