Manbo Euvonie Georges Augustin fè vwèl pou peyi san chapo 

Peterson Dorsainvil
ParPeterson Dorsainvil

Manbo Euvonie Georges Augustin mouri mèkredi 23 mas 2022 a, aprè plizyè tan depi l t ap lite ak yon maladi kansè kòl matris. Lanmò ansyen chèf siprèm pou yon ti bout tan an se yon gwo pèt pou vodou a. Tulie Michelle, ki se yonn nan pitit fi l yo, konfime nouvèl la. 

Prèt vodou Euvonie Georges Augustin mouri lakay li Delmas 83. Sa gen yon ti tan, toujou pou pwoblèm sante sa, ansyen manm Konferans Nasyonal Vodouyizan Ayisyen (KNVA) an te oblije fè yon kout pye nan peyi Kiba. Aprè l tounen an la, maladi a fini pa fè l fè vwèl pou peyi san chapo a 66 lane. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Manbo Euvonie, ki te gen non vanyan l ‘‘Anka bezwen bon manbo’’ te fèt ak grandi Pòtoprens. Manman l, se moun Kòniyon e papa l se nèg Gonayiv. Li te vin manbo ofisyèlman an 1987. Euvonie te gen 5 timoun : 3 fi, 2 gason ; li leve 3 ladan yo san papa. Se te yon poto mitan non sèlman pou fanmi l men pou vodou a tou. Li te lisansye nan administrasyon piblik. 

Aprè lanmò manbo, premye minis peyi a, Ariel Henry fè konnen nouvèl la touche l e rann li tris sou twitè. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Peterson Dorsainvil est journaliste, écrivain, slameur et amoureux fou des lettres. En quête de moi-même, je fais de ma plume ma boussoule dans ce monde désorienté.