Chris Morning devwale nouvo mizik li « Nouvo Jou » 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
Foto : Koze Urbain

Atis Chris Morning, ki gen bon non li Christopher Zamor, pran kontwòl endistri mizik Ayisyen an yon lòt fwa ankò, fwa sa a se ak yon mizik ki gen pou tit « Nouvo jou ». Se te pou okazyon 29yèm anivèsè nesans li (1ye septanm). Daprè  pawòl yo nan  mizik sa, atis la fè viv rekonesans li anvè kreyatè monn lan pou pwoteksyon li ba li pandan karyè li. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Mete sou sa atis la eksplike, malgre moman difisil yo, li kenbe pèsonalite li san li pa fè zak malonèt nan sosyete a. Daprè li menm, li ta dwe selebre chak jou nan lavi li pou favè Bondye ba li yo. 

Aprè mizik  « Lajan Chè » a atis la te louvri yon pwojektè sou rit mizikal dancehall la an Ayiti, fanatik li yo ki te kòmanse apresye atis la pa t ka tann ankò tèlman yo te swaf tande l sou yon lòt pwojè. 

Yon ti detay sou chwa non atis la ? 

Chris morning te kòmanse karyè atistik nan ane 2019, Daprè deklarasyon plizyè, Jiskaprezan li rekonèt yon gwo siksè. 

Nan emisyon « Koze Urbain » sou Netalkole Media chantè a te eksplike kijan non Chris Morning nan fè pran nesans. « Yon lè mwen te poste sou paj mwen yo « Morning » prèske tout zanmi m yo t ap griyen dan sou mwen, genyen ki te reponn mwen tou » Li kontinye pou l di, se te nan sousi pou l te entegre endistri a ak yon non, plizyè moun te konseye l rele tèt li « Morning » paske l renmen di l, pi lwen li ta pral dakò rele tèt li konsa men li ta pral ajoute « Chris » 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.