Kidnapin lan retounen ogmante ankò aprè plizyè jou bès

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
kidnapin lan retounen ogmante ankò aprè plizyè jou bès

Ka kidnapin yo nan peyi a retounen monte ankò, apre plizyè jou bès. Yon sitiyasyon ki trè enkyetan pou popilasyon Ayisyèn la ki deja ap fè fas ak plizyè pwoblèm, ladan yo mizè ak lavi chè.

Vrèman vre, kidnapin lan vin tounen yon pwoblèm grav an Ayiti nan dènye ane sa yo ak yon ogmantasyon enpòtan nan kantite ka ki rapòte yo. Gwoup kriminèl ame yo souvan responsab zak kidnapin yo. Endividi sa yo k ap chèche ranson pou lage viktim yo, souvan egzije gwo kòb an ameriken.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Malgre efò otorite ayisyen swadizan di yo ap fè pou goumen kont flewo sa, sanble kidnapin lan kontinye reprezante yon gwo menas pou sekirite abitan yo. Zak kriminèl sa yo gen yon enpak katastwofik sou viktim yo ak fanmi yo, ansanm ak sou tout sosyete ayisyèn lan

Kòm prèv, nan aprèmidi mèkredi 24 me a, manm gang « Kokorat san ras » kidnape pou pi piti 20 moun nan Lakwa Peris, yon zòn ki chita nan Komin Lestè, nan antre Nò Site endepandans lan.

Se sak fè, popilasyon ayisyèn lan kontinye ap mande otorite yo pou ranfòse efò yo pou mete fen nan vag kidnapin sa, nan ranfòse mezi sekirite yo, pouswiv responsab yo epi travay ak kominote entènasyonal la pou jwenn plis sipò si sa nesesè.

Yon lòt bò, gen lòt ki fè konnen, li enpòtan tou pou envesti nan inisyativ prevansyon ak konsyantizasyon pou edike popilasyon an sou mezi sekirite epi redui risk kidnapin yo.

Li enpòtan pou nou note, peyi a nan yon sitiyasyon ki konplèks anpil, ak anpil defi pou leve, tankou povrete, enstabilite politik ak pwoblèm sekirite. Nan sans sa a, li nesesè pou otorite yo pran dispozisyon fèm pou garanti sekirite sitwayen yo e pou goumen kont kidnapin lan ki menase estabilite peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.