Manifestasyon : 16 lekòl andomaje nan depatman Latibonit 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
manifestasyon 16 lekòl andomaje nan depatman latibonit 

Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) prezante lendi 19 septanm 2022 a, yon tablo lekòl ki te atake nan depatman Latibonit, pandan mouvman manifestasyon yo. 

Vrèmanvre, pandan manifestasyon nan lari nan depatman Latibonit 15, 16 ak 17 septanm 2022, manifestan atake plizyè enstitisyon prive ak piblik.  Lekòl ki gen pwòp pitit yo pa te epanye. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pandan atak sa yo, 16 lekòl te sibi gwo domaj. Daprè rapò pasyèl Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) prezante nan dat 19 septanm 2022 la. 

Pami yo, 7 lekòl piblik, 7 lekòl  Katolik Women, yon lekòl prive  legliz Episkopal Anglikan ak yon lekòl prive.  Se pou pi piti sa nou ka konstate nan tablo Ministè a te pibliye a. 

Tablo sa a fèt apre yon rankont evalyasyon ki te fèt lendi 19 septanm 2022 ant Minis Nesmy Manigat ak Direksyon Depatmantal Edikasyon yo alantou atak sou lekòl yo. 

Se sak fè, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl lanse yon apèl bay popilasyon yo nan divès depatman peyi a pou pwoteje enfrastrikti lekòl yo. 

 « Pwoteje lekòl se pwoteje travay pwofesè yo se pwoteje avni timoun yo ak peyi a tou »  ekri Minis a nan yon mesaj li te pibliye sou kont Twitter li lendi 19 septanm nan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.