Manifestan yo anonse yon mouvman  » Bwa Kale » pou semèn kap vini la a 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
Foto : The Associated Press.

Ayè vandredi 16 septanm 2022 a, pandan 5yèm jounen peyi lòk la nan tout peyi a. Manifestan yo yon lòt fwa ankò te refoule beton an pou egzije gouvènman aktyèl la retounen sou desizyon yo te pran pou monte pri gaz la ki deja a 128%. 

Pandan gwo mobilizasyon yo sitou nan komin Dèlma, manifestan yo brize epi dechouke tout sa yo jwenn sou wout yo, plizyè antrepriz pase anba fleyo dechoukay la, tankou: Youn nan sikisal Natcom yo ki nan Dèlma 41, Cotelam, zòn Dèlma 35, « révélation » otèl epi yon biwo BUH pou n site sa yo sèlman. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou pi piti 3 machin boule nan lakou BUH la ki pa twò lwen otèl « révélation » an sou wout Dèlma a, gras ak ponpye komin sila a pat gen twòp gwo dega ki te fèt, yo te reponn prezan yon travay ki fèt ansanm ak lapolis 

Yon lòt bò manifestan yo di yo pap kite la ri a toutan pri gaz la pa tounen janl te ye anvan an, yo anonse yon manifestasyon wo nivo pou semèn kap vini la a ki pote non « Bwa kale » yon slogan ki gen abitye pwononse nan bouch Ayisyen yo, men ki vin yon reyalite nan kriz nap viv depi aprè deklarasyon Ariel Henry pou ogmante pri gaz la. 

Nap raple, ayè vendredi a ye fè deja 5yèm jou depi lopital ak kèk lòt biznis koube anba ribrik peyi lòk la, anyen pa fonksyone jiska moman nap ekri la a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.