Mobilizasyon an pran yon lòt nivo nan lari Pòtoprens. Si nan vil pwovens yo pèp la jis kontante l dechèpiye tout sa l jwenn sou wout li, nan kapital la, patikilyèman nan komin Delma genyen gwo afwontman ant lapolis ak nèg ak zam, pou n pa di bandi.
Depi 4èm jou manifestasyon semèn sa, kidonk jedi 15 septanm lan, sitiyasyon sosyosekiritè a ofri n yon espektak san parèy : pandan lapolis ap eseye dejwe tantativ dechoukay kèk pwotestatè ap fè sou plizyè antrepriz ak enstitisyon, moun nou pa rive idantifye echanje kout zam ak yo.
Wi, nan zòn Delma 40, 38, Kafou ayopò pou al bout jouk “3 Men” bagay yo pat piti, sitou zòn bò Berman Motors, ki sitiye l nan rantre katye Simon-Pelé kote se gang G9 k ap dirije la.
Manifestan yo gen nèg ak zam nan mitan yo, sa ki vin reprezante yon gwo menas pou sivil k ap fè revandikasyon yo pase jan sa dwe fèt paske daprè sa n konstate patwouy polisye yo pa pran swen mennen bon jan entèvansyon, se bal y ap simaye tout kote. Gen anpil moun ki blese, men pyès bilan poko deklare.
Se youn nan rezon ki t’ap pral koze lanmò Widney Veron Joseph sou wout Ayopò, lapolis tire sou li epi mete dife sou li tou vivan jis paske l sòti nan Simon-Pelé. Yon avni ki gaspiye. Anplis li se dezyèm loreya ekzamen bakaloreya pou depatman Lwès la, mwa Oktòb k ap vini la li t ap pral etidye medsin nan peyi Kanada, daprè papa viktim nan.
Facebook Comments