Vil Wanament te fè eksperyans sèn piyaj vandredi swa a 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
vil wanament te fè eksperyans sèn piyaj vandredi swa a 

Aprè Gonayiv, Okay, Tigwav, Senmak ak Delma, vendredi 16 septanm nan aswè sete tou pa vil Wanament pou li fè eksperyans ak sèn piyaj. Lokal plizyè enstitisyon piblik ak prive te piye nan Wanament. 

Plizye santèn manifestan nan Vil Wanament te komanse eksprime kòlè yo ak vyolans, lè  polisye yo te kraze  manifestasyon divès pati politik ak gwoup, aktivis anti-Ariel te òganize nan vil sila. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Plizyè enstitisyon te soufri kòlè manifestan yo ki  tap mande depa Premye Minis Ariel Henry sou pouvwa a ak mezi li pran kote li ogmante pri gaz la nan ponp yo  ak pou yo denonse zak ensekirite  nan peyi a ki lakòz lapenn nan anpil fanmi Ayisyen. 

Manifestan sa yo te rive piye plizyè entitisyon piblik ak prive tankou lokal BUH, BNC, Meri, Lekòl Nasyonal Jèn Fi, Sèvis Jezuit pou Migran (SJM-Ayiti) elatriye.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.