Manifestasyon : Nasyonzini ankouraje moun ki gen enterè yo pou « angaje nan dyalòg lapè ak enklizif » 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
manifestasyon nasyonzini ankouraje moun ki gen enterè yo pou angaje nan dyalòg lapè ak enklizif 

Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Antonio Guterres di li enkyè anpil pou sitiyasyon aktyèl la ann Ayiti kote ajitasyon sivil paralize peyi a.  Sekretè Jeneral la gen anpil enkyetid sou sekirite tout Ayisyen, enkli sa ki pi vilnerab yo, e li mande pou yo kalme bagay yo ak  yon kontrent maksimòm.   

Se sak fè li mande tout moun ki konsène yo pou yo pran aksyon imedyat pou diminye sitiyasyon sa a,  evite vyolans epi pèmèt Polis Nasyonal Dayiti (PNH) ranpli wòl yo pou pwoteje popilasyon an. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sekretè Jeneral la repete apèl solid li bay tout moun ki gen enterè yo pou yo simonte diferans yo epi angaje yo, san pèdi tan, nan yon dyalòg lapè ak enklizif sou yon fason konstriktif pou pi devan.   

Yon lòt bò sekretè a avèti si sikonstans aktyèl yo kontinye, sitiyasyon imanitè ki te deja difisil pou moun ki pi vilnerab yo ap fè fas a ap vin pi mal toujou. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.