Manman Mèt André Michel mouri aprè l t ap soufri yon kansè

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
manman mèt andré michel mouri aprè l t ap soufri yon ak kansè

Marie Angilène St-Juste, ki se manman ansyen avoka pèp la Mèt André Michel, mouri byen ta ayè madi 25 avril 2023 a aprè l t ap soufri anba yon maladi kansè. Madam Marie Angilène ta pral genyen 85 lane 31 desanm k ap vini la.

Ansyen avoka pèp la nan lapenn depi ayè madi 25 avril la, aprè manman l ta fin rann dènye soupi li akòz yon maladi kansè li t ap fè fas depi yon bon bout tan, nouvèl la konfime gras ak plizyè jounalis pwòch Mèt la pami yo Lunnie Joseph.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Mèt André Michel jiska moman n ap ekri atik sa a poko bay okenn enfòmsyon sou jounen omaj yo ak fineray sou lanmò manman l Marie Angilène St-Juste, ki ta pral genyen 85 lane mwa desanm k ap vini la a.

Redaksyon NetAlKole Média pataje senpati li ak fanmi, zanmi pwòch Mèt André Michel pandan moman dèy sa a l ap simonte a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.