Maral ye man prezante ‘‘Freestyle 16’’ sou plato Netalkole Media

Peterson Dorsainvil
ParPeterson Dorsainvil

Maral ye man, se youn nan jèn rapè ki plis pwomèt nan Petyonvil. Kit se nan freestyle, nan punchline, nan jwe ak mo, pou flow, elatriye, Maral ye man se youn nan rapè ki sedwi plis moun nan 257 la. Rapè sa ki klase tèt li sitou nan kategori konsyan te pase fè yon ti bat bouch sou plato Netalkole Media pou pale de dènye pwojè l la ki se ‘‘Freestyle 16’’.

Pandan pasaj li sou plato a, Maral Thomas aka Maral ye man te bay tout detay sou ‘‘Freestyle 16’’ la. Men tou, li te fè yon ekspoze sou karyè l e avwe l te ka pi lwen si se pa t yon vye kontra l te siyen. Rapè 257 la te fè yon ti pale tou sou 2 premye mikstep li yo ; chak mikstep sa yo gen 21 mizik.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lòt bò, vwa ‘‘Anndan la republique’’ la voye yon mesaj fò bay pwomotè yo epi envite jèn parèy li yo fè mizik pou non yo rete menm aprè lanmò yo. « Pa fè mizik jis pou n di n fè mizik », deklare Maral.

N envite w klike pou w gad entèvyou sa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Peterson Dorsainvil est journaliste, écrivain, slameur et amoureux fou des lettres. En quête de moi-même, je fais de ma plume ma boussoule dans ce monde désorienté.