Marcelo Bielsa, nouvo antrenè seleksyon nasyonal Uruguay la

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
marcelo bielsa, nouvo antrenè seleksyon nasyonal uruguay la

Daprè divès medya nan peyi Uruguay, Marcelo Bielsa pral gen pou pran tèt seleksyon nasyonal Uruguay la apati lendi k ap vini la avèk pou prensipal misyon mennen Celeste an nan pwochen Koupdimond lan.

“Loco” a ki gen 67 lane, ta deja bay dizon l ak federasyon irigweyèn foutbòl la (AUF) pou vini nouvo antrenè ekip nasyonal Uruguay lan. Antrenè ajanten an ta dwe ateri Montevideo lendi k ap vini la pou siyen kontra k ap ofisyalize l nan tèt ekip la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè seleksyon Ajantin lan sòti 1998 pou rive 2004 epi Chili ant 2007 a 2011, teknisyen ajanten an pral dirije yon twazyèm seleksyon nasyonal nan zòn Sid Amerik la pandan karyè l kòm antrenè. Marcelo Bielsa pral gen pou prepare nouvo jenerasyon Uruguay an pou pwochen Koupdimond lan.

Daprè medya irigweyen yo ki rapòte sa sous yo nan federasyon an bay kòm enfòmasyon, antrenè ajanten an ki te nan chomaj depi aprè pasaj li nan ekip Leeds United la, nan chanpyona anglè a, ta dwe debake ak tout estaf li ki ta sipoze genyen ladan l 5 asistan.

Marcelo Bielsa, kòm nouvo antrenè seleksyon nasyonal Uruguay an, ta sipoze demare nan pwochen fenèt FIFA a, nan mwa jwen k ap vini la, fas Nicaragua, nan yon match amikal.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.