Marco Reus pwolonje kontra li avèk Borussia Dortmund

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
marco reus pwolonje kontra li avèk borussia dortmund

Aprè plizyè semèn negosyasyon, Marco Reus finalman pwolonje kontra li avèk Borussia Dortmund pou yon lane anplis, sa ki fè li lye pou kounya avèk klèb alman an jiska jen 2024.

Sou rezo sosyal yo, Borussia Dortmund ofisyalize jodi jedi 27 avril la pwolongasyon kontra kapitèn yo an, Marco Reus k ap kontinye avanti sa avèk yo jiska fen sezon k ap vini an.

Fidèl ak jòn e nwa yo, atakan alman 33 lane a antann li ak direksyon klèb la pou kapab jwe yon trèzyèm sezon avèk Borussia Dortmund depi li te retounen nan Bundesliga a nan lane 2012.

Marco Reus ki se timoun vil Dortmund, rete kòm youn nan ra jwè ki te nan bèl jenerasyon finalis Lig dè Chanpyon 2013 yo ki pa janm kite klèb la. Yon ekip Dortmund ki te gen ladan l Lewandowski, Gundogan, Gotze, elatriye.

N ap raple, depi li rekòmanse jwe nan mwa janvye ki sot pase aprè blese ki te anpeche l patisipe nan dènye Koupdimond lan, Marco Reus genyen yon bilan 6 gòl ak 4 pas desizif pou 20 match li jwe nan Bundesliga a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.