Marie Lydie Duvivier, yon anplwaye Digicel mouri nan yon tantativ kidnapin

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
marie lydie duvivier, yon anplwaye digicel mouri nan yon tantativ kidnapin

Bandi ak zam k ap simaye latwoublay nan zòn metwopolitèn nan pa sispann agrandi li viktim yo. Madam Marie Lydie Duvivier, ki se responsab kont pou konpayi Digicel mouri anba bal nan komin Taba ayè madi 13 septanm lan aprè plizyè kidnapè t ap eseye pote l ale ak tout machin ni. 

Wi, malfektè yo asasinen dam sila nan moman l te nan yon machin zòn bò anbasad amerikèn nan komin Taba. Yo retire lavi li aprè l t ap fè rezistans pou sove tèt li. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè malfektè yo fin komèt zak la yo kouri, malerezman pa gen okenn pouswit ki fèt dèyè yo pou te mete lapat sou yo. E yo ale ak tout kadav la. 

Enfòmasyon ki vin jwenn nou fè konnen otè zak yo mande 100 mil dola vèt pou yo bay kadav la ak tout machin viktim nan. 

N ap raple, menm si pyès gang pa revandike kou sila jiskaprezan kite n di w depi kèk tan komin Taba vin gate akòz aktivite banditis ki gen la. Mete sou sa, zòn sila pa bliye se gang Vitelòm, ki sou kontwòl Vitelhomme Innocent, k ap dirije l. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.