Martine Moïse takle gouvènman an nan yon chita pale avèk Sekretè jeneral OEA a

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
martine moïse takle gouvènman an nan yon chita pale avèk sekretè jeneral oea a

Ansyen premye Dam Repiblik la, Martine Moïse, rankontre ayè mèkredi 14 jen 2023 a Sekretè jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) Luis Almagro. Yo te echanje sou plizyè sijè ki sitou chita sou zafè sekirite.

Si sant diskisyon yo te dewoule prensipalman alantou asasina 58èm prezidan ayisyen an, Jovenel Moïse, nan lannwit 6 pou al bout 7 jiyè 2021 pase a, ak pwogresyon ankèt sou dosye sila pa bò isit, vèv la te tou pwofite takle pye gouvènman ki an plas la sou plizyè sijè.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Aprè plizyè mwa l te fè moun pa t tande li, Martine Moïse relanse deba yo sou mank kredibilite ki genyen nan rejim aktyèl la. Li idantifye anpil fay lakay dirijan aktyèl yo nan chita pale l avèk M. Luis Almagro.

Daprè madan defen an, pou kriz politik lan rezoud, li plis nesesè pou gen yon nouvo premye minis ak yon lòt ekip gouvènmantal k ap sòti nan yon konsansis. Ladan l ap genyen moun non yo pa site nan lanmò ansyen prezidan Jovenel Moïse la, ak sila yo ki enplike nan aktivite gang.

Anplis sa, li rete kwè klima ensekirite aktyèl la, pou l rezoud, se atravè livrezon zam ak ekipman militè pou ranfòse kapasite lame a ak tout Polis Nasyonal Ayiti a (PNH).

Èske Premye dam lan deklare yon entèvansyon militè p ap mennen peyi a wonn pòt ? Li menm pran kòm egzanp dènye entèvansyon sòlda Nasyonzini yo an Ayiti ki te dire 13 lane sòti 2004 pou al bout 2017 ki se te yon katastwòf.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.