Repiblik dominikèn se pi gran destinasyon touristik nan Karayib la

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
repiblik dominikèn se pi gran destinasyon touristik nan karayib la (1)

Sit selèb “Trip Advisor” rann piblik pri « Traveler’s choice Best of the best » pou meyè peyi touris ka vizite nan mond lan pou lane 2023 a. Kay vwazen an figire sou lis la nan meyè pozisyon yo.

Trip advisor rekonèt Repiblik dominikèn kòm 9èm destinasyon touristik ki pi popilè nan mond lan, mete sou sa, li okipe premye plas la nan Karayib yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Piblikasyon an klase Repiblik dominikèn devan tout lòt peyi yo ki nan Karayib lan kote touris ka e ta dwe vin vizite. Aprè sa vini Awouba, Jamayik, Pòtoriko ak Senmaten ki konplete top 5 klasman rejyonal la.

Nan mond lan, Repiblik dominikèn se sèl peyi ki figire kòm sèl destinasyon aprè sa tout lòt yo se vil. E tout sa yo, se gras ak kèk zòn tankou Punta Cana, Puerto Plata, Semaná, pami kèk lòt.

Top 10 destinasyon ki pi popilè nan mond lan se Dubay, Bali, Lond, Pari, Cancun, Krèt, Repiblik dominikèn epi Istanboul.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.