Martinez, Bounou ak Courtois nan lis meyè Gadyen FIFA yo

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
martinez, bounou ak courtois nan lis meyè gadyen fifa  (1)

Federasyon entènasyonal foutbòl la anonse jodi mèkredi a, lis gadyen pou FIFA Best la. Emiliano Martinez, Yassine Bounou ak Thibaut Courtois nan lis pou meyè gadyen ane sa, aprè bèl pèfòmans Ajanten an ak Mawoken an nan Mondyal 2022 a, epi pèfòmans Courtois nan Champions League la.  Seremoni an ap gen pou li fèt 27 fevrye nan vil Paris.

Chanpyon Mondyal 2022 an ak gadyen mawoken an nan lis pou meyè gadyen « FIFA Best la ». San bliye Thibaut Courtois ki fè pati lis sa aprè bèl pèfòmans li yo nan Champions League la nan lis la. 27 fevriye ka vini la, n ap konnen gayan « FIFA Best » la pou gadyen yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Martinez ki te konpòte l an bon sovè pou Albiseleste a nan Mondyal 2022 a, ak anpil boul li te retire; li te montre l desizif anpil sitou nan pwolongasyon yo, lè ekip Ajantin nan te rive nan tire penal. Nan final la gadyen Aston Villa a ta pral fè yon parad espektakilè fas Randal Kolo Muani.

Bounou li menn te byen konpòte l anba gòl ekip Mawòk la, seleksyon sa ki ta pral ekri yon paj nan istwa Mondyal la pou kontinan afriken an. Malgre yo te fini 4yèm nan Mondyal la, sa pa anpeche gadyen Fc Seville a konplete lis meyè gadyen pou FIFA Best la.

Thibaut Courtois li menm tou pat rive lwen nan Mondyal la ak Bèljik, men li te youn nan atizan ki te ede Real Madrid pran 14zyèm Champions League li.

Pri pou antrenè a ap bay jedi epi Pri meyè jwè ak jwèz yo ak pri Puskas ap bay vandredi kap vini.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive