Mauricio Pochettino deja siyen pou pran tèt ekip Chelsea an

Par
Jacky Chery
Rédacteur
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.
- Rédacteur
mauricio pochettino deja siyen pou pran tèt ekip chelsea an

Jan sa te anonse depi semèn ki sot pase a, Chelsea ki fè yon sezon katastwofik nan Premier League la, ap genyen Mauricio Pochettino kòm antrenè pou sezon k ap vini an daprè sa jounal “Relevo” anonse jodi dimanch lan.

Antrenè ajanten an ki nan chomaj depi aprè revokasyon l nan ekip PSG a sezon pase, ap retounen nan Premier League la pou vin pran tèt Blues yo ki pa p kontinye avèk Frank Lampard pou sezon k ap vini an.

Jounal la fè konnen kontra Mauricio Pochettino avèk ekip Chelsea a ta dwe ofisyèl nan yon ti tan ankò. Antrenè ajanten an devanse ansyen antrenè Bayern Munich lan, Julian Nagelsmann, ansanm ak Luis Enrique akoz li deja konnen Premier League la.

Ansyen antrenè Tottenham lan ap pran tèt yon ekip Chelsea ki plonje nan yon kriz san parèy li pa t konnen depi anviwon 30 lane kote pou sezon k ap vini an yo pa p jwe okenn konpetisyon ewopeyen.

- Advertisement -
Ad image

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Suivre
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.