MENFP entèdi kou ratrapaj pou kòb anndan lekòl piblik yo

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
menfp entèdi kou ratrapaj pou kòb anndan lekòl piblik yo

Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl enfòme tout sektè edikatif la pou fè yo konnen li entèdi pou gen kou ratrapaj pou kòb anndan Lise ak Lekòl nasyonal yo.

MENFP k ap swiv sitiyasyon konplike lekòl piblik yo dènye ane sa yo, denonse pratik ki gen nan lekòl sa yo kote yon pati nan pwofèsè yo deside pa prezante nan sal pou vin fè kou, men pito òganize kou ratrapaj pou kòb.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan kominike sa ki piblik, Ministè edikasyon nasyonal kondane egalman konpòtman yon latriye pwofèsè anndan lekòl piblik yo ki abandone chè yo genyen yo pandan yo regilye nan lekòl prive yo ap anseye.

Fas ak sitiyasyon sa, pandan egzamen ofisyèl yo ap rive nan yon ti tan ankò, MENFP entèdi gen kou ratrapaj pou kòb anndan Lise ak Lekòl nasyonal yo, pandan l raple devwa pwofèsè yo pou prezante nan sal klas yo, prensipalman nan lekòl piblik yo kote timoun yo deja pèdi yon pakèt jou lekòl.

Ministè a fè apèl ak konsyans pwofesyonèl epi sans responsablite kategori pwofèsè k ap touche malgre yo pa rantre nan klas yo pou fè kou. MENFP mande yo yon lòt fwa pou prezante nan sal yo pou ede elèv yo prepare egzamen ofisyèl yo k ap rive nan pa twò lontan ankò.

N ap raple, pandan egzamen ofisyèl fen ane yo ap avanse an, Ministè edikasyon nasyonal mobilize yon kantite pwofèsè estajyè pou òganize yon seri kou ratrapaj atravè tout peyi a nan lide pou mete elèv ki pral konpoze yo nan nivo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.