Prèske mwatye nan ayisyen yo ap viv nan gwo grangou daprè FAO

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
prèske mwatye nan ayisyen yo ap viv nan gwo grangou daprè fao

Gen yon total 4,9 milyon moun an Ayiti, prèske mwatye popilasyon an, k ap soufri anba gwo grangou, daprè dènye done Òganizasyon Nasyonzini pou Aliman ak Agrikilti (FAO) pibliye nan dat vandredi 26 me 2023 a. Nan 5 mwa sèlman, genyen yon ogmantasyon ki evalye ak 200 mil moun k ap soufri.

Nan total ki afekte yo, genyen 1.8 milyon abitan ki nan sitiyasyon ijans. Yon chif ki depase analiz ki te fèt nan 3 dènye ane yo, dapre ògàn Klasifikasyon faz sekirite ki entegre lamanjay la (ICF), epi FAO, nan yon nòt pou laprès

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sa vle di, daprè enfòmasyon yo ajoute yo, fanmi yo fè fas ak gwo defisyans ki mennen nan gwo malnitrisyon. Nan sans sa, yo oblije adopte mekanis ki pi negatif yo pou kontinye viv nan lide pou satisfè bezwen vant yo, tankou vann byen pwodiktif yo oswa konsome semans olye yo plante. Yon pratik ki ogmante move lavi moun sa yo.

75% nan popilasyon ayisyèn lan ap viv nan zòn andeyò yo. « Mezi ak aksyon ijan yo vin plis nesesè pou sove lavi epi retabli pi vit mwayen agrikòl kiltivatè vilnerab yo », yon pati nan sa ki di nan nòt la.

Daprè yon « Plan Repons Imanitè » 2023 yo pibliye atravè menm nòt sila a, FAO mande 61.7 milyon dola vèt pou ede pou pi piti 700 mil moun, toujou nan sousi pou amelyore aksè ak moso lamanjay an Ayiti.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.