Mbappé manke 2 gòl pou l vin meyè bitè nan istwa PSG

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
mbappé manke 2 gòl pou l vin meyè bitè nan istwa psg

Ak 24 lane sèlman, Kylian Mbappé tou prè pou li bat rekò Edinson Cavani an, ki se meyè bitè istwa klèb parizyen an, Fransè a manke sèlman 2 gòl pou li jwenn Irigweyen an. Jodi samedi a, nan estad Vélodrome nan, Mbappé kapab bat rekò sa fas ekip Marseille la, yon match chòk ant premye a ak 2zyèm lan pou 25yèm jounen Ligue 1 an.

Ak 198 gòl, Kylian Mbappé kapab depase 200 gòl Edison Cavani te fè ak PSG an 2017, lè sa bitè irigweyen an te depase Zlatan Ibrahimovic ki te gen 156 gòl. Jodi samdi a, fas ak ekip Marseille la ki dezyèm ak 52 pwen, bitè Fransè a pral chache bat rekò Cavani an nan Vélodrome nan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Mbappé ki se meyè bitè PSG nan Champions League la ak 31 gòl, ap ekri kèk paj istorik nan karyè li ak PSG. Mbappé ki kontinye ap montre talan li nan ekip Paris Saint-Germain an, gentan make 151 gòl ak pye dwat li, 42 ak pye goch li epi 5 sou kout tèt.

Ansyen jwè Monaco a gentan fè 20 gòl sou penal nan 198 match li reyalize ak mayo PSG a, men atakan fransè a poko fè gòl sou koufran. Mbappé ki rete 2 lane kontra ak PSG kapab mete rekò sa pi wo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article