Pep Guardiola montre l pare pou Thomas Tuchel

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
pep guardiola montre l pare pou thomas tuchel

Aprè Tuchel te retire tit Champions League la nan men Guardiola nan sezon 2021 an, ansyen antrenè Barcelone nan fè konnen nan mikro laprès, avan chòk kadefinal ale Champions League la, ant Manchester City ak Bayern demen madi a. « Li pa viv nan pase ».

Pou kadefinal ale Champions League la, k ap mete Sky Blues yo fas Bavarois yo demen madi 11 avril 2023, antrenè Citizen yo montre li pare pou l afwonte nouvo antrenè Bayern Munich lan, Thomas Tuchel epi pase yon trè sou final Champions League, li te pèdi nan lane 2021, lè Tuchel te nan tèt ekip Chelsea a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se vre se pa menn kontèks yo, men sitiyasyon an parèt menm. Nan lane 2021 Tuchel te ranplase Lampard nan tèt Blues yo, nan 2023 se menm Tuchel sa ki ranplase Nagelsmann nan ekip Bayern Munich lan.

Nan konferans pou laprès, Guardiola fè konnen li pa enkyete l sou defèt li fas Tuchel nan Champions League an 2021.

« Defèt kont Tuchel la? Sa rive, nou te panse jwèt nou an, sa ki pat deranje daprè mwen. Se te yon match ki te sere, nou bliye l sa nou pral eseye ankò. Pafwa ou ka genyen si w merite l, konsa tou ou ka pèdi. Mwen m pa viv nan pase. M konnen menm jan match la tap difisil fas Nagelsman, l ap difisil fas Tuchel. » Se deklarasyon ansyen antrenè Barcelone nan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive