Mèkato : Joâo Félix pral jwe nan Chelsea  

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
mèkato joâo félix pral jwe nan chelsea  

Jodi mèkredi a Atletico Madrid rive prete Joâo Félix ak Chelsea, yon prè ki koute 11 milyon ewo pou rès sezon an. Se youn nan transfè pou ivè a ki siprann anpil moun paske star potigè a te pwolonje kontra l ak Colchoneros yo pou yon lane ankò.  

Depi nan Mondyal la, laprès nan peyi Pòtigal te gentan anonse Joâo Félix nan  yon lòt klèb, jwè a pat montre anvi l pou l kontinye avanti a ak Collcheneros yo. Jodi mèkredi a, kléb la rive fè transfè jwè a nan Chelsea pou yon prè ki peye (11 milyon ewo).  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou anpil analis foutbòl, pwofil jwè a pat janm sanble ak ekip Diego Simeone a, ki renmen defann epi jwe anpil sou fizik. Jwè potigè a se yon jwè ki gen anpil kapasite teknik ak vista. Li kapap jwe nan mitan teren a oubyen sou zèl yo. Yon transfè kap itil Chelsea sitou ak pil jwè teknik li genyen yo, tankou Sterling, Havertz, Pulisic, Aubameyang. Potigè a pral batay anpil tou pou l jwenn yon plas titilè nan ekip sa.  

Aprè 3 sezon, jwè 23 lane a deside kraze yon kite sa ak Atletico Madrid. Pou pasaj li nan ekip sa, li te rive fè 25 gòl pou 96 match li te jwe nan Liga. Aprè transfè sa, jwè a te fè konnen:  

« Chelsea se youn nan pi gwo klèb nan mond la, m espere ede yo rive nan bout objektif yo. M kontan anpil, anpil pou m la, m santi eksite pou jwe nan Stamford Bridge la ».  Se sa jwè a deklare.  

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive