Paspò ayisyen an bay posiblite vwayaje nan 49 peyi ak teritwa nan mond lan san viza 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
paspò ayisyen an bay posiblite vwayaje nan 49 peyi ak teritwa nan mond lan san viza 

Yon sitwayen ak yon paspò ayisyen gen posiblite vwayaje nan 49 peyi ak teritwa nan mond lan san viza daprè dènye klasman « Index Henley & Patners » pibliye lendi 9 janvye 2023 a. 

Klasman sa ki fèt avèk 109 peyi ak teritwa nan mond lan, klase Ayiti 94èm nan endis paspò yo pou kòmansman ane 2023 a avèk dokiman vwayaj li an ki bay posiblite vwayaje san yon demann viza avan nan 49 peyi ak teritwa atravè mond lan. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan klasman sa Henley & Patners pibliye pou kòmansman ane 2023 a, Ayiti klase lwen dèyè Repiblik Dominikèn 76èm kote paspò pa li an valab pou 70 destinasyon nan divès teritwa ak peyi nan mond lan. 

Daprè ajans sa ki espesyalize nan analiz sou dokiman vwayaj yo atravè mond lan, peyi Japon klase premye ak paspò li an ki bay posiblite vizite 193 destinasyon diferan nan mond lan. 

N ap mansyone, klasman sa pran egalman an konsiderasyon peyi ak teritwa ki fè egzijans pou genyen viza nan moman rive yo. 

Nan klasman Henley & Patners te pibliye nan mwa oktòb ki sot pase an, paspò ayisyen an te klase dènye pou Amerik ak Karayib la avèk dokiman vwayaj li an ki te bay posiblite vwayaje nan mwens peyi ak teritwa nan mond lan. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.