Dembélé retounen nan gwoup Barcelone nan aprè 3 mwa blese

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
dembélé retounen nan gwoup barcelone nan aprè 3 mwa blese

Aprè 3 mwa san jwe akoz yon blese nan kwis goch, Ousmane Dembélé rekòmanse antrene ak ekip Barcelone nan epi nan gwoup jwè ki pou afwonte Betis Seville, demen samedi nan Liga. Yon enfòmasyon klèb la pataje sou rezo sosyal yo jodi vandredi a. Nan sans sa, Xavi Hernandez fè konnen entènasyonal fransè a te manke ekip la anpil.

Ousmane Dembélé nan lis jwè pou rankont Barcelone fas Betis Seville nan Camp Nou, aprè 3 mwa absans akoz blese ansyen jwè Borussia Dortmund la nan kwis goch li. Sa ki te pouse antrenè Catalan reaji konsa apre anons lan sou rezo sosyal yo.

 » Li te manke nou anpil, se meye jwè nan 1 kont 1. Pa gen anpil tankou l nan mond lan. Mande lateral yo nan Liga, y ap di nou, jan yo soufri. Se yon jwè ki gen yon vitès anraje, ki fè diferans lan. San manti li te manke nou anpil. » Deklarasyon Xavi nan konferans pou laprès jodi vandredi a.

Teknisyen Blaugrana te kontinye pou di l :

« Jan l ye blese a te konplike anpil pou li, li te nan difikilte sitou lè l vle shooter, sa ki te konplike blesi a plis. Li anfòm kounya, li kontan tou. N ap gad si n ka mete l jwe fas Betis Seville demen oubyen bal kèk minit paske vitès li kapab fè diferans lan. Se yon bon nouvèl pou nou. »

Ousmane Dembélé ki te blese 28 janvye fas ekip Girona nan kad 19vyèm jounen Liga ap operasyonèl demen samedi an fas Betis Seville nan Camp Nou an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article