Men lis seleksyon Messi ak Cristiono Ronaldo bay plis gòl

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
men lis seleksyon messi ak cristiono ronaldo bay plis gòl

Foutbòl la konnen anpil gran jwè, jwè ki rive fè anpil fanatik kontan ak talan yo, kalite teknik yo, bèl pas yo ak bèl gòl yo. Nan koze fè gòl ak konsistans, Messi ak Cristiono Ronaldo se 2 jwè ki maltrete anpil ekip epi mete dlo nan je anpil fanatik, kantite tit yo pran ak gòl yo fè se yon bagay eksepsyonèl. Men lis ekip Messi ak Cristiano Ronaldo bay plis gòl nan sa ki gen pou wè ak seleksyon.

Nan 10 dènyè lane sa yo, Messi ak Cristiano Ronaldo fè foutbòl la viv anpil emosyon ak talan yo, kapasite yo genyen pou yo bat yon ekip epi fè gòl nan rankont yo. Se pa pou san rezon, Ajanten an ak Potigè a se 2 jwè ki depase 100 gòl nan zafè seleksyon ,a yo 2 a se 12 Balon dò, yon bagay ki pat janm fèt nan jwèt la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lis seleksyon Messi bay plis gòl

Anpil analis ak kòmantatè foutbòl kwè Messi se meyè jwè mond lan aprè Mondyal 2022 a, yon deba kap kontinye paske pou  anpil lòt, Messi vini aprè Pelé. Nan karyè Pulga li fè anpil viktim, men lis ekip li fè plis gòl yo:

Bolivi, 8 gòl pou 11 match

Irigwe, 6 gòl pou 12 match

Kolonbi, 6 gòl pou 8 match

Brezil 5, gòl pou 13 match

Estoni 5, gòl pou yon match

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lis seleksyon C.Ronaldo bay plis gòl

Potigè a se youn nan jwè ki make istwa foutbòl la, ak kantite rekò li pran, ak fason li ede ekip li epi kantite gòl li make nan karyè li se yon bagay san parèy. Ekip C.Ronaldo bay plis gòl sou mayo Pòtigal la se :

Liksanbou, 11 gòl pou 11 match

- Advertisement -
Ad imageAd image

Swèd, 7 gòl pou 7 match

Litiani, 7 gòl pou 3 match

Ongri, 6 gòl pou 6 match

Andò, 6 gòl  pou 3 match

2 jwè sa yo fè anpil bagay  nan monn foutbòl la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive