Meri Okap mande libere bò lari yo 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
meri okap mande libere bò lari yo

Nan yon kominike ki sòti nan dat 14 jen 2022 a, Administrasyon Kominal Okap la fè egzijans ak tout moun k ap sèvi bò lari yo pou yo kapab kite espas sa yo avan 21 nan mwa sa. 

Nan kominike sa ki rive nan sal redaksyon jounal la jounen madi a, minisipalite Okap la fè konnen ak «tout moun ki pran espas bò lari yo pou fè garaj, pou mete kakas machin, depo vye retay fè, Car Wash elatriye », yo gen yon dèle 8 jou pou bay espas sa yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon dezisyon ki, dapre meri a, pran nan tèt kole ak lajistis, lapolis epi TPTC nan lide pou deplase tout sa ki okipe espas piblik la. 

Meri a fè konnen ak tout moun ki konsène yo, apati 21 jen 2022 a ki se dat pou desizyon sa kòmanse aplike, tout sa meri a ta rive deplase sou twotwa yo ap sou responsablite mèt sa ki deplase a pou peye lajan deplasman sa yo. 

Depi kèk semèn, plizyè òganizasyon nan sosyete sivil vil Okap te mete sou pye yon seri aktivite nan tèt kole ak minisipalite a pou kapab fè pwòpte nan vil la. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.