Meri Senmak kondane zak kraze brize ak piyaj ki fèt nan lokal meri a pandan dènye mouvman pwotestasyon yo

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
meri senmak kondane zak kraze brize ak piyaj ki fèt nan lokal meri a pandan dènye mouvman pwotestasyon yo

Nan yon kominike ki pote dat 19 septanm 2022, Meri Senmak denonse epi kondane zak kraze brize ki fèt nan lokal meri a ak divès enstitisyon piblik kòm prive nan vil la pandan dènye mouvman pwotestasyon yo, pandan l envite popilasyon an manifeste nan limit lalwa mande a. 

Meri Senmak di li regrèt zak sa yo ki rive pandan jounen vandredi 16 ak samdi 17 septanm 2022 a kote manb nan popilasyon an te rive rantre, piye epi mete dife nan divès lokal piblik kou prive nan vil la kote lokal meri an pa t epanye. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Kominike sa ki pote siyati majistra Myriam Fièvre fè konnen administrasyon kominal la konprann fristrasyon popilasyon an, men denonse fason li eksprime li, kote plizyè biznis prive kraze epi piye aprè anons gouvènman an pou monte pri pwodui petwolye yo. 

Majistra Senmak la, Myriam Fièvre, envite popilasyon an eksprime l jan manman lwa peyi a mande sa kote y ap respekte tou dwa lòt moun genyen pou posede epi pwoteje biznis yo. 

Pou fini, Meri Senmak raple tout popilasyon an se nan tèt ansanm ak konpreyansyon youn lòt bagay yo ap kapab chanje nan komin nan ak nan tout peyi a, pandan l fè konnen li konte kolaborasyon tout moun. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.